[bws_google_captcha]

Yon Lekòl Nimerik Ki La Depi 2019

 

Enfòmasyon Sou Nou

Educ-Haiti Lekòl Nimerik se yon platfòm aprantisaj ki dedye a ofri elèv Ayisyen ki pi defavorize yo aksè a resous nimerik bon kalite pou fasilite aprantisaj yo. Misyon prensipal nou se bay elèv sa yo, ki pa ka achte liv lekòl byen chè, aksè a vèsyon dijital menm kontni ki nan manyèl eskolè yo, pou ba yo yon ranmase sou tout sa yo te rate pandan ane lekòl la yon fason pou yo ka rive atenn objektif akademik anyèl Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la (MENFP). Nou ofri yo tou yon altènativ a distans lè lekòl pa ka fonksyone fizikman akoz enstabilite politik, e nou pèmèt yo itilize teknoloji nan chemen aprantisaj yo.

Piblik sib nou gen ladan elèv ki soti nan lekòl primè pou rive nan lekòl segondè. Nou ofri jèn yo fòmasyon pwofesyonèl tankou Antreprenarya, Enfòmatik, Konsepsyon grafik, Maketing dijital, Serigrafi, elatriye. Sa ki fè nou inik, se apwòch ki baze sou aksesiblite nou an. Pandan lòt platfòm e-learning yo manke aksesib pou sila pi defavorize yo, yo itilize yo nan ti gwoup fèmen oswa nan yon lang yo pa metrize, Educ-Haiti Lekòl Nimerik aksesib pou tout elèv ki gen yon smatfòn sou tout tèritwa nasyonal la san diskriminasyon. Depi lè nou te lanse pwojè sa an 2019, nou se premye ak sèl platfòm e-learning ayisyen ki bay elèv yo vèsyon elektwonik liv lekòl yo gratis, ki pèmèt yo etidye leson yo dirèkteman sou smatfòn yo. Nou fyè pou n ba yo aksè ak aplikasyon mobil nou yo ki disponib ni pou Android ni pou iPhone ak yon sit wèb ki tradui an Kreyòl, Anglè, Fransè ak Espányòl.

Nou envite tout Ayisyen ak tout Zanmi ki renmen Ayiti ak Ledikasyon pote kole pou ede nou kreye plis kontni posib chak ane pou ede elèv ki pi defavorize yo gen menm chans reyisit ak tout moun.

shape

Sak fè nou inik

01

Nou se premye e sèl platfòm edikatif ayisyen ki bay elèv ki pi defavorize yo resous nimerik yo pa jwenn okenn lòt kote pou yo kontinye aprann sou aparèy elektwonik yo. Nou se pyonye nan teknoloji edikasyon an Ayiti.

Misyon nou

02

Misyon prensipal nou se kreye bonjan solisyon edikatif nimerik, ak fòmasyon pwofesyonèl k ap prepare jèn yo an Ayiti pou yon karyè ki reyisi.

Vizyon nou

03

Fè yon fason pou chak timoun an Ayiti gen aksè ak menm opòtinite edikatif, kèlkeswa orijin yo, ran sosyal yo oswa nivo ekonomik yo, grasa yon ekosistèm nimerik ki aksesib e ki enklizif.

0 +
Elèv Ki Konekte
0 +
Kou ak Matyè Disponib
0 +
Sètifika Nou bay
0 +
Enstriktè

Rankontre Enstriktè nou yo

 

Enstriktè

Temwayaj Itilizatè nou yo

 

Fidbak