Liv “Papa Rich Papa Pòv” la, oswa “Rich Dad Poor Dad” ann Anglè, se youn nan liv moun plis li e yo plis achte sou tè a nan domèn finans pèsonèl.

An rezime, liv sa prezante ide 2 papa nan lavi otè a ki se Robert Kiyosaki. 2 papa sa yo te gen de opinyon diferan sou lajan ak reyisit. Premye a se papa biyolojik otè a ke li rele “Papa pòv” la. Li reprezante mantalite tradisyonèl moun genyen sou lajan tankou fè gwo etid, travay di, sere lajan, epi evite risk ekonomik. Dezyèm nan, papa bon zanmi l lan, ke li rele “Papa rich” la, se yon antreprenè ki kwè nan pouvwa edikasyon finansye, envestisman, ak enpòtans pou n sezi opòtinite nou jwenn. Liv sa a bay sekrè pou w kreye richès dirab pou w ka vin endepandan finansyèman. Kounya, ann kòmanse vwayaj sa a ki pral ouvri lespri w sou fonksyònman lajan yon fason ki pral chanje lavi w epi chanje pwennvi w nèt pou w ka reyisi nan domèn ekonomik.

Liv sa a bay sekrè pou w kreye richès dirab pou w ka vin endepandan finansyèman

LIS CHAPIT KI NAN LIV PAPA RICH LA

San pèdi tan, ann dekouvri sa ki nan liv la an Kreyòl Ayisyen, nan lang manman nou! Pou kòmanse, li gen yon Entwodiksyon, 9 chapit ak kèk Enfòmasyon anplis. Men lis chapit ki gen nan liv Papa rich la.

  • 00 Entwodiksyon
  • 01 Moun ki rich yo pa travay pou lajan
  • 02 Poukisa pou n fè edikasyon finansye
  • 03 Okipe pwòp Biznis ou
  • 04 Istwa Taks ak Pouvwa Sosyete anonim yo
  • 05 Moun ki rich yo kreye lajan
  • 06 Travay pou w aprann, pa travay pou lajan
  • 07 Fè fas ak obstak yo
  • 08 Kòmanse!
  • 09 Ou vle konn plis? Men kèk bagay pou w fè
  • Kadran “Cash Flow”,
  • Nan ki kadran w ye?
  • Ki objektif ou nan lavi?
YON TI APÈSI
Papa Rich Papa Pòv: Entwodiksyon
Robert Kiyosaki

Piske m te gen de papa, sa te ban m
posiblite chwazi ant de opinyon diferan:
opinyon yon mesye rich ak opinyon yon mesye pòv.

Mwen te gen de papa, youn ki rich ak youn ki pòv. Youn te edike ak entèlijan anpil. Li te gen yon Doktora epi li te fè yon etid ki dire katran nan mwens ke dezan. Apre sa, li t ale nan Inivèsite Stanford, Inivèsite Chicago, ak Inivèsite Northwestern pou fè etid avanse li yo, tout se bous detid ki peye yo nèt. Lòt papa a pat janm fini klas 8yèm ane.

Toude mesye yo te reyisi nan karyè yo, yo te travay di tout lavi yo. Toude te gen gwo revni. Men, youn te toujou gen pwoblèm lajan. Lòt la t ap vin youn nan moun ki pi rich nan Awayi. Youn te mouri kite plizyè dizèn milyon dola pou fanmi l, òganizasyon charite ak legliz li a. Lòt la te kite dèt pou pitit li peye. Toude mesye yo te fò, karismatik, e enfliyan. Toude mesye yo te ban m konsèy, men yo pa t konseye menm bagay. Toude mesye yo te kwè anpil nan edikasyon men yo pa t rekòmande menm pwogram etid.

Si mwen te gen yon sèl papa, mwen t ap oblije aksepte oswa rejte konsèy li yo. Piske m te gen de papa, sa te ban m posiblite chwazi ant de opinyon ki diferan: opinyon yon mesye rich ak opinyon yon mesye pòv. Olye pou m senpleman aksepte oswa rejte youn oswa lòt, mwen te twouve m ap panse plis, konpare, epi chwazi pou tèt mwen apre. Pwoblèm nan se paske mesye rich la pat ko rich, e pòv la pat ko pòv. Toude te fèk kòmanse karyè yo, epi toude te gen pwoblèm lajan ak pwoblèm nan fanmi yo. Men, yo te gen de opinyon ki trè diferan sou lajan.

Pa egzanp, yon papa te ka di, “Lanmou pou lajan se rasin tout sa ki mal.” Lòt la te ka di: “Povrete se rasin tout sa ki mal.”
Antanke jèn gason, genyen de papa fò k ap enfliyanse m te difisil. Mwen te vle vin yon bon pitit gason epi koute, men de papa yo pa t di menm bagay. Diferans nan de opinyon yo, patikilyèman sou lajan, te tèlman gwo mwen te vin anvi konnen e sa te enteresan. Mwen te kòmanse reflechi pandan lontan sou sa yo chak t ap di. M te pase anpil tan ap reflechi poukont mwen, poze tèt mwen kesyon tankou, “Poukisa l di sa?” epi apre poze menm kesyon an sou deklarasyon lòt papa a. Li te ka pi fasil pou w senpleman di, “Wi, li gen rezon. Mwen dakò ak sa.” Oswa tou senpleman rejte opinyon an lè w di: “Granmoun sa pa konn sa l ap di a”. Olye de sa, lefètke m te gen de papa mwen te renmen, sa te fòse m panse epi alafen chwazi yon fason pou m panse pou tèt mwen. Kòm yon pwosesis, chwazi pou tèt mwen te vin gen plis valè alontèm pase senpleman aksepte oswa rejte yon opinyon.

Youn nan rezon ki fè moun rich yo vin pi rich, moun pòv yo vin pi pòv, e klas mwayèn nan ap batay ak dèt se paske se lakay yo fè edikasyon finansye, se pa nan lekòl. Pifò nan nou aprann lajan nan men paran nou yo. Kidonk, kisa paran pòv yo ka di pitit yo sou lajan? Yo senpleman di, “Rete lekòl epi etidye anpil.” Timoun nan ka gradye ak gwo nòt, men li soti ak yon plan finansye, ak yon mantalite moun pòv.

Malerezman, yo pa bay edikasyon finansye nan lekòl yo. Lekòl yo konsantre sou konpetans eskolè ak pwofesyonèl, men se pa sou konpetans finansye yo. Sa a eksplike kijan bankye, doktè, ak kontab entèlijan ki te fè gwo nòt ka gen pwoblèm lajan tout lavi yo. Dèt nasyonal nou an ki men wotè se sitou akoz politisyen ak ofisyèl nan gouvènman ki fè gwo etid k ap pran desizyon finansye ak ti kras oswa okenn fòmasyon nan domèn finansye.

Jodi a mwen souvan mande sa ki pral rive talè lè nou gen plizyè milyon moun ki bezwen asistans finansye ak medikal. Yo pral depann de fanmi yo oswa gouvènman an pou sipò finansye. Kisa ki pral rive lè Asirans Maladi ak Sekirite Sosyal pa gen lajan? Kijan yon nasyon pral fè siviv si yo kontinye ap kite paran yo aprann timoun yo sou lajan, pifò ladan yo deja pòv oswa yo pral pòv?

(A Suiv…)

Se Educ-Haiti Lekòl Nimerik ki premye tradui liv “PAPA RICH PAPA PÒV – Sa moun rich yo anseye pitit yo sou lajan moun pòv ak klas mwayèn nan pa anseye” a nan lang Kreyòl Ayisyen. N ap pibliye plizyè atik sou liv la nan jou k ap vini la yo e li pral disponib sou aplikasyon Educ-Haiti a. Rete branche!

Leave a Comment