Chapit 1

MOUN RICH YO PA TRAVAY POU LAJAN

Premye Pati

Moun pòv ak klas mwayèn nan travay pou lajan.
Moun rich yo fè lajan travay pou yo.

“Papa, èske w ka di m ki jan m ka vin rich?”

Papa m depoze jounal la. “Poukisa w vle vin rich, pitit gason m?”

“Paske jodi a, manman Djimi te vini nan nouvo machin Cadillac yo a, e yo t al pase wikenn nan nan kay yo gen bò plaj la. Li mennen twa nan zanmi l yo, men li pa t envite mwen menm ak Mayko. Yo di n se paske n se timoun ki Spòv ki fè yo pa t envite n.”

San papa m pa fin kwè m, li te di m: “Yo di sa vre?”.

Mwen te reponn tou tris: “Wi, yo di sa”.

Papa m pa t di anyen, li souke tèt li, li ranje linèt li sou pwent nen l, li pran jounal li epi l kontinye li l. Mwen te ret kanpe ap tann yon repons.

Se te nan ane 1956. Mwen te gen 9 an. Grasa yon senp aza, mwen t al nan menm lekòl piblik kote moun rich yo te konn voye pitit yo. Okòmansman, se te yon plantasyon kann ki te gen nan zòn nan. Administratè plantasyon yo ansanm ak lòt moun rich yo, tankou doktè, pwopriyetè biznis ak bankye yo, te konn voye pitit yo nan lekòl primè sa a. An jeneral, apre pitit moun sa yo te fin fè sizyèm ane, yo te konn mete yo nan lekòl prive. Piske fanmi m te abite bò lari sa a, mwen t al nan lekòl sa. Si m te abite sou lòt bò lari a, se nan yon lòt lekòl kote ki gen timoun ki soti nan fanmi ki plis sanble ak fanmi pa m mwen t aprale. Apre sizyèm ane, mwen menm ak timoun sa yo t apral nan lekòl piblik segondè ak nan lise. Pa t gen lekòl prive ni pou yo, ni pou mwen.

Finalman, papa m te depoze jounal la. Mwen te ka wè l ap reflechi.

Li te kòmanse pale tou dousman epi l di: “Oke, Pitit gason m…, si w vle vin rich, ou dwe aprann fè lajan.”.

Mwen te mande l: “Ki jan m ka fè lajan?”

Li te souri epi l di m: “Ebyen, sèvi ak tèt ou, pitit gason m.”. Menm nan moman sa a, m te konnen anreyalite li te vle di “Se tout sa m ka di w” oswa “M pa konn repons lan, donk sispann nwi m”.

Nou te fòme yon patenarya

Nan denmen maten, mwen te di Mayko, ki te bon zanmi m, sa papa m te di a. Kèlkeswa jan m te ka di sa, se mwen menm ak Mayko ki te de sèl timoun pòv nan lekòl sa a. Se yon senp aza ki te fè l vin nan lekòl sa a tou. Gen yon moun ki te trase yon limit pou separe distri lekòl la, e se konsa nou te twouve n nan menm lekòl ak timoun ki rich yo. Nou pa t pòv vre, men nou te santi n konsa paske tout lòt timesye yo te gen gan bizbòl tounèf, bisiklèt tounèf, tout bagay tounèf.

Manman m ak papa m te fè n jwenn bagay debaz yo tankou manje, rad ak yon kote pou n rete. Men, se te sa sèlman. Papa m te toujou konn di: “Si w bezwen yon bagay, travay pou li.” Nou te bezwen kèk bagay, men, pa t gen anpil travay disponib pou tigason nevan.

Mayko te mande m: “Donk, ki sa n ka fè pou n fè lajan?”

Mwen te di l: “Mwen pa konnen. Men, èske w vle fè ekip avè m?”

Li te dakò, e se konsa jou samdi maten sa a, Mayko te vin premye patnè m nan zafè biznis. Nou te pase tout rès maten an ap reflechi sou fason nou ka fè lajan. Detanzantan nou te fè ti pale sou jan “timesye koul” yo ap pran plezi yo lakay Djimi an ki bò plaj la. Sa te fè n yon ti jan mal, men, doulè sa a te bon paske l te motive n pou n kontinye reflechi sou fason pou n fè lajan. Finalman, nan aprèmidi, nou te resi jwenn yon ide. Se te yon ide Mayko te jwenn nan yon liv syans li te li. Nou te tèlman kontan, youn te bay lòt lanmen epi patenerya nou an te vin tounen yon biznis kounye a.

Pandan semèn kap vini yo, mwen menm ak Mayko t ap gen pou n al frape pòt kay tout moun nan katye a epi mande yo si yo ka sere po pat dantifris yo fin sèvi yo pou nou. Aktout pifò granmoun yo te sezi, yo te souri e yo te dakò. Gen kèk nan yo ki te mande n sa n ap fè ak po pat yo, nou te reponn: “Nou pa ka di w. Se yon sekrè.”

Tank semèn yo t ap pase, se tank sa te bay manman m pwoblèm. Nou te chwazi yon kote bò machinalave li a pou n mete materyèl nou te ranmase yo. Nou te met ti pil po pat dantifris nou yo ki te kòmanse ogmante nan yon bwat katon mawon ki te gen boutèy sòs tomat anvan sa.

Finalman, manman m reyaji. Lè l wè pil po pat dantifris vwazen l yo fin itilize ki tou sal e ki kraze. Li di nou: “Ki entansyon nou timesye? Epitou, m pa vle tande nou di m se yon sekrè ankò. Fè yon jan ak po pat sa yo, sinon m ap jete yo.”

Mwen ak Mayko te sipliye l, nou te fè l konnen n ap gen ase po pat nan yon ti tan ankò epi lè sa a n ap kòmanse fè pwodui a. Nou te fè l konnen n ap tann pou de moun nan katye a fin sèvi ak pat dantifris yo a pou n ka jwenn po yo. Manman m te ban nou delè yon semèn.

Dat pou n kòmanse pwodiksyon an te avanse e presyon an te pi fò. Premye patenarya m te fòme a te gentan jwenn menas ak yon avi degèpisman nan men pwòp manman m! Mayko te vin gen responsablite pou l fè moun nan katye a konnen pou yo itilize pat dantifris yo pi vit, lè l di yo dantis yo vle pou yo bwose dan yo pi souvan kèlkeswa jan sa ye. M te kòmanse mete chèn pwodiksyon an sou pye.

Yon jou, papa m te vin nan machin li an ak yon zanmi pou yo wè de tigason nevan ki nan lakou a e ki gen yon chèn pwodiksyon k ap fonksyone ak tout vitès. Te gen poud blan fen ki gaye toupatou. Nou te gen kèk ti bwat katon lèt nou te pran nan lekòl la sou yon tab byen long, epi recho babekyou fanmi nou an te tou wouj ak chabon dife.

Etandone Papa m te dwe pakin machin nan pi ba nan lakou a, li te apwoche tou dousman paske chèn pwodiksyon an te bloke pakin nan. Pandan li menm ak zanmi l lan tap pwoche, yo te wè yon chodyè ann asye sou recho dife a kote po pat dantifris yo t ap fonn. Nan epòk sa a, yo pa t konn voye dantifris nan po plastik. Po yo te fèt ak plon. Konsa, yonfwa penti a te fin boule, nou te met po yo nan ti chodyè ann asye a. Yo te fonn jiskaske yo vin likid, epi nou te sèvi ak tòchon chodyè manman m yo pou n vide plon an nan yon ti twou ki te nan tèt bwat katon lèt yo.

Bwat katon lèt yo te bonbade ak jips (Poud yo fè plak). Poud blanch te gaye toupatou. Nan fè prese, sak la te sot tonbe nan men m epi tout espas la te vin tankou kote yon tanpèt nèj fin pase. Nou te sèvi ak bwat katon lèt yo kòm resipyan pou fè moul an jips yo.

Papa m ak zanmi l lan t ap gade pandan nou t ap vide plon likid la tou dousman nan yo ti twou ki te anlè tèt moul ki fèt an jips la.

Papa m di: “Fè atansyon”.

M te souke tèt mwen san m pa gade.

Finalman, kou m fin vide l, m met ti chodyè ann asye a atè epi m souri bay papa m.

Li te souri epi l te di n ak prekosyon: “Sa n ap fè la a timesye?”

Mwen te di l: “N ap fè sa w te di m fè a. Nou pral vin rich.”

Mayko souri, li souke tèt li epi l di: “Wè, nou se patnè.”

Papa m te mande n: “Men, ki sa k gen nan moul sa yo?”

Mwen te di l: “Vin gade. Sa ta dwe yon bon lo.”

Mwen te frape so a ak yon ti mato epi moul la te fè de bò. Mwen te soulve pati ki pa anlè moul la ak anpil prekosyon epi yon pyès monnen an plon te tonbe.

Papa m te di byen fò “O, non!”. “W ap sèvi ak plon pou w fè lajan!”

Mayko te di “Wi, se sa,”. “N ap fè jan w te di nou fè a. N ap fè lajan.”

Zanmi papa m nan te vire epi l tonbe ri. Papa m te souri epi li souke tèt li. Devan l lan te gen yon dife, yon bwat ki chaje po pat ak de ti gason ki te chaje pousyè blanch sou yo ki tap souri rive jis dèyè zòrèy.

Li te mande nou pou n mete tout bagay atè epi chita kote l sou premye mach eskalye kay nou an. Avèk yon souri, li eksplike nou tou dousman ki sa “fwod” vle di.

Rèv nou yo te disparèt. Ak yon vwa k ap tranble, Mayko te mande: “Ou vle di sa ilegal?”

Zanmi papa m nan te di, “Kite yo ale,” “Gendwa se yon talan natirèl y ap devlope.”

Papa m te gade l fiks.

Papa m te di tou dousman, “Wi, li ilegal”. “Men, nou menm ti mesye, nou te montre anpil kreyativite ak panse ki orijinal. Kontinye konsa. Mwen vrèman fyè de nou!”

Mwen ak Mayko te desi, nou te chita an silans pandan anviwon 20 minit anvan nou te repare dega nou te fè a. Biznis lan te kraze nan menm jou l te ouvè a. Pandan m t ap bale poud la, mwen te gade Mayko epi m di: “Mwen panse Djimi ak zanmi l yo gen rezon. Se pòv nou ye.”

Papa m te nan wout pou l soti pandan m t ap di sa. Li te di: “Timoun Ou pòv sèlman si w abandone. Sa k pi enpòtan an, sèke w te fè yon bagay. Pifò moun sèlman pale epi reve vin rich. Ou te fè yon bagay. Mwen trè fyè de nou toude. M ap di l ankò: Kontinye, pa kanpe. “

Mayko avè m te kanpe la an silans. Pawòl yo te bèl, men nou te toujou pa konn sa pou n fè.

Mwen te mande: “Ki jan w fè pa rich, papa?”

“Paske mwen te chwazi pou m vin yon pwofesè lekòl. Pwofesè lekòl yo pa vrèman gen lide pou yo vin rich. Nou jis renmen anseye. Mwen swete mwen te ka ede w, men mwen vrèman pa konnen ki jan pou moun fè lajan.”

Mayko avè m te vire epi nou kontinye fè netwayaj nou an.

Papa m te di: “Mwen konnen”. “Ti mesye, si nou vle aprann ki jan pou n vin rich, pa mande m. Pale ak papa w, Mayko.”

Ak yon figi tou tris Mayko di: “Papa m?”.

Avèk yon souri papa m repete: “Wi, papa w!” “Papa w avè m gen menm bankye, epi li admire papa w anpil. Li te di m plizyè fwa papa w fò nan fè lajan.”

“Papa m wi?” Mayko te mande ankò tou doute. “Ebyen, ki jan fè nou pa gen yon bèl machin ak yon bèl kay tankou timoun rich nan lekòl la?”

“Yon bèl machin ak yon bèl kay pa toujou vle di w rich oswa w konnen ki jan pou w fè lajan,” se sa papa m te reponn. “Papa Djimi ap travay nan yon plantasyon kann. Li pa diferan anpil de mwen. Li travay pou yon konpayi, e mwen travay pou gouvènman an. Se konpayi a ki achte machin nan pou li. Konpayi sik la gen pwoblèm finansyè, e talè konsa papa Djimi ka pèdi tout bagay. Papa w diferan, Mayko. Sanble l ap vin yon moun ki gen anpil enfliyans, e mwen sispèk nan kèk ane anko l ap yon gason ki rich anpil.”

Apre pawòl sa, Mayko avèm te kontan anpil ankò. Avèk yon nouvo fòs, nou te kòmanse netwaye dega nou te fè nan premye biznis nou an ki kraze kounya. Pandan nou t ap netwaye, nou te fè plan sou ki jan ak ki lè pou n pale ak papa Mayko. Pwoblèm nan sèke papa Mayko te travay pandan anpil èdtan e souvan li tounen lakay li jis nan aswè. Papa l te gen depo, yon konpayi konstriksyon, yon chèn magazen, ak twa restoran. Se restoran yo ki te fè l rete ta deyò.

 Apre nou fin netwaye, Mayko te pran bis pou l al lakay li. Li t apral pale ak papa l lè li rantre aswè a epi mande l pou l montre nou ki jan pou n vin rich. Mayko te pwomèt pou l rele m pi vit posib lè li fin pale ak papa l, menmsi li rantre ta.

Telefòn nanb te sonnen bò 8 è diswa.

Mwen te di “Oke”. “Samdi pwochen.” Mwen mete telefòn nan la. Papa Mayko te dakò pou l rankontre nou.

Nan samdi mwen te pran bis 7 è 30 lan, bò vil moun pòv yo.

Leson yo kòmanse

Mayko avè m te rankontre papa l a 8 è dimaten Li te deja okipe, li te deja nan travay depi plis pase inèdtan. Apèn Sipèvizè konstriksyon l lan t ap monte machin li pou l ale, se apèn mwen t ap mache vin lakay li ki byen senp, ki piti e ki pwòp. Mayko te vin rankontre m nan pòt la.

Pandan Mayko te ouvri pòt la, li te di: “Papa m nan telefòn, epi l te di pou w tann li sou galri dèyè a.”

Ansyen etaj an bwa a t ap krake pandan m ap travèse papòt kay la ki la lontan. Te gen yon tapi pou mache ki rive jis andedan papòt la. Tapi a te la pou kache kantite ane li genyen depi pye ap pase sou li. Malgre li te pwòp, li te bezwen ranplase.

Mwen te santi m kwense lè mwen te antre nan salon an ki piti e ki plen ak ansyen mèb ki chaje bagay, yon seri bagay ou ta dwe jwenn nan mize oswa kay koleksyonè tèlman yo la lontan. M te chita sou kanape a ki te gen de dam, toude yon ti kras pi gran pase manman m. Anfas kote medam yo chita a te gen yon mesye ki chita ak yon rad travay. Li te mete yon pantalon kaki ak yon chemiz kaki, byen repase men san lanmidon, ak bòt travay li byen netwaye. Li te gen anviwon 10 an anplis papa m. Yo t ap souri pandan Mayko avè m t ap pase devan yo pou n ale nan galri dèyè a. Mwen te souri tou timidman.

Mwen te mande: “Ki moun sa yo?”

“Anh, y ap travay pou papa m. Granmoun nan jere depo l yo, epi dam yo jere restoran yo. Epi lè w t ap antre a, ou te wè sipèvizè konstriksyon an k ap travay sou yon pwojè wout anviwon 80 kilomèt distans. Lòt sipèvizè li a, k ap bati plizyè kay ki sanble, t ale anvan w rive isit la.”

Mwen te mande: “Èske se konsa sa toujou ye?”

Avèk yon souri Mayko te di: “Pa toutan, men byen souvan,” pandan l t ap rale yon chèz pou l chita bò kote m.

Mayko te di: “Mwen te mande papa m si li ta ka aprann nou fè lajan”. “O, se vre, ki sa l te di w?” Mwen te poze kesyon an avèk kiryozite e ak pridans.

“Oke, toudabò, li te gade m yon fason ki komik, epi apre sa li te di l ap fè nou yon òf.”

Mwen te di: “Oh” epi m vire chèz mwen an sou mi an. Mwen te kage sou de pye dèyè yo.

Mayko te fè menm bagay la.

Mwen te mande: “Èske w konnen ki òf?”

“Non, men nou pral konnen talè konsa.”

Sanzatann, papa Mayko te frape ti pòt an vit la ki sou galri a. Mayko avè m te mache toupiti sou pye nou, se pa pou respè, men paske nou te sezi.

“Eske nou pare timesye?” li te mande sa pandan l t ap rale yon chèz pou l chita avèk nou.

Nou souke tèt nou pandan n ap rale chèz la sot bò mi an pou n vin chita devan l.

Li te yon gwo gason, li te mezire plis pase en mèt katreven mèt ak katrevendis kilogram. Papa m te pi wo, apeprè menm pwa a, e l te gen senk ane anplis papa Mayko. Yo sanble, men yo pa sot nan menm ras. Petèt yo gen menm enèji.

“Mayko di ou vle aprann fè lajan? Èske se vre, Wobè?” Mwen souke tèt mwen byen vit, men ak yon ti laperèz. Te gen anpil pouvwa dèyè pawòl li yo e li t ap souri.

“Oke, men òf mwen an. Mwen pral anseye w, men mwen pa pral fè sa nan menm fason yo fè sa nan lekòl yo. W ap travay pou mwen, epi m ap anseye w. Ou pa travay pou mwen, mwen pap anseye w. Mwen ka anseye w pi vit si w ap travay, men m ap pèdi tan m si se chita w chita pou w koute tankou w konn fè nan lekòl la. Se òf mwen an sa. Swa w pran l oswa w kite l.”

Mwen te mande: “Anh, èske mwen ka poze yon kesyon anvan?”

“Non. Swa ou aksepte l oubyen ou pa aksepte l. Mwen gen twòp travay pou m fè pou m nan pèdi tan m. Epitou si w pa ka reflechi vit pou w pran desizyon, ou pap janm ka aprann fè lajan. Opòtinite vini e y ale. Konnen ki lè pou w pran desizyon rapid se yon kapasite enpòtan. Ou jwenn opòtinite w t ap chèche a. Lekòl la kòmanse, oswa li fini nan 10 segonn,” se sa papa Mayko te di ak yon souri takinan.

Mwen te di : “Ou aksepte!”

Mayko di: “Aksepte l.”

Papa Mayko te di: “Bon!” “Madam Maten pral rive nan 10 minit. Apre mwen fini ak li, monte avè l nan magazen mwen an epi ou ka kòmanse travay. M ap peye w 10 santim pa èdtan, epi w ap travay twazèdtan chak samdi.”

Mwen te di: “Men, mwen gen yon jwèt bizbòl jodi a,” 

Papa Mayko bese vwa l sou yon ton sevè. Li te di: “Swa ou aksepte l oubyen ou pa aksepte l,”

Mwen te reponn: “M ap aksepte l,” m chwazi travay ak aprann olye pou m jwe.

Trant santim pita

Jou sa a, a 9 è nan maten, Mayko avè m t ap travay ak Madam Maten. Li te yon dam ki janti e l te gen pasyans. Li te toujou di mwen menm ak Mayko fè l sonje de gran pitit gason li yo. Byenke li te janti, li te kwè nan travay di e li te fè nou travay. Nou te pase twazèdtan ap pran machandiz nan bwat sou etajè yo, bwose chak bwat ak yon bagay ki fèt an plim pou retire pousyè tè sou yo, epi ranje yo ankò byen pwòp. Se te yon travay ki te raz amò.

Papa Mayko mwen rele papa rich mwen an, te posede nèf ti makèt konsa e yo chak te gen yon gwo pakin. Yo te premye vèsyon makèt 7-Eleven yo (sèvenn ilèvenn), kote moun nan katye a ka achte bagay tankou lèt, pen, bè, ak sigarèt. Pwoblèm nan sèke se te nan Awayi nan epòk pifò moun potko sèvi ak klimatizè, makèt yo pa t kapab fèmen pòt yo akòz chalè a. Sou de bò makèt la, pòt yo te dwe ouvri byen laj sou wout la ak nan pakin nan. Chak fwa yon machin te pase oswa vin kanpe nan pakin nan, pousyè tè te fè toubiyon antre nan makèt la. Nou te konnen nou t ap gen travay toutotan pa t gen klimatizè.

Pandan twa semèn, Mayko avè m te bay Madam Maten rapò sou twazèdtan travay nou yo. Bò midi, travay nou an te fini, epi li te lage trant ti santim nan men nou chak. Kounye a, menm a laj nevan nan mitan ane 1950 yo, 30 santim pa t twò enteresan. Lè sa a, liv komik yo te koute 10 santim, kidonk mwen te depanse lajan m yo nan achte liv komik pou m al lakay mwen.

Nan Mèkredi nan katriyèm semèn nan, mwen te vin anvi kite sa. Mwen te dakò travay sèlman paske mwen te vle aprann fè lajan nan men papa Mayko, e poutan kounye a m ap travay kòm esklav pou 10 santim pa èdtan. Anplis de sa, mwen pa t wè papa Mayko depi premye Samdi a.

A midi mwen te di Mayko: “M ap bay vag”. Semèn lekòl la te tou raz, e kounya mwen pa menm ka pran plezi nan jou samdi yo. Men, omwen m te jwenn 30 santim yo.

Fwa sa a Mayko te souri.

“Kisa w ap ri la?” Se sa m te mande l tou an kòlè, tou fristre.

“Papa m te di sa t ap rive. Li te di pou w vin kote l lè w santi w prè pou w bay vag.

“Ki sa?” Mwen te di avèk endiyasyon. “An, li t ap tann pou m dekouraje?”

Mayko te di: “nou ka di sa” “Papa m diferan. Li pa anseye tankou papa w. Manman w ak papa w pale anpil. Papa m se yon moun ki kalm e li pa nan di twòp pawòl. Ou te tann jiska samdi sa a. Mwen pral di l ou pare.”

“Ou vle di l te gentan aranje sa”

“Non, pa vrèman, petèt. Papa m ap eksplike w sa samdi.”

Pran liy nan Samdi

Mwen te pare pou m wè ak papa Mayko. Menm papa m te fache kont li. Vrè papa m nan, li menm mwen rele papa pòv la, te panse papa rich mwen an t ap vyole lwa sou travay timoun e yo ta dwe fè ankèt sou sa.

Papa m ki pòv e ki edike a, te di m pou m mande sa m merite, omwen 25 santim pa èdtan. Papa m ki pòv la te di m si m pa t jwenn yon ogmantasyon, mwen ta dwe kite travay la imedyatman.

Papa pòv mwen an te di avèk endiyasyon: “Ou pa bezwen vye djòb sa a de tout fason”.

Samdi maten a 8 è, mwen te antre nan baryè kay Mayko a lè papa l te ouvri.

Pandan m t ap antre li te di m: “Pran yon chèz epi tann nan liy nan” . Li te vire epi l disparèt nan ti biwo l la ki toupre yon chanm.

Mwen te gade toutotou chanm nan e m pa t wè Mayko okenn kote. Mwen te santi m malalèz, m te chita avèk prekosyon bò kot de dam ki te la kat semèn anvan yo. Yo te souri epi yo te avanse sou kanape a pou fè plas pou mwen.

Karannsenk minit te gentan pase, mwen t ap swe. De medam yo te rankontre avè l epi yo te ale depi 30 minit. Yon lòt pi gwo jèn gason ki te la depi 20 minit te gentan ale tou.

Kay la te vid, epi m te chita nan yon chanm ki chaje mwezi, ki fè nwa a, alòske se te yon bèl jou solèy nan Awayi, ap tann pou m pale ak yon kripya k ap eksplwate timoun. Mwen te ka tande bri l nan biwo a k ap pale nan telefòn, e li te fè kòmsi l pa wè m. Mwen te pare pou m ale, men pou kèk rezon, mwen te rete.

Finalman, 15 minit apre, a egzakteman nevè, papa rich te soti nan biwo l, li pa di anyen, epi l fè m siy ak men l pou m antre.

Pandan l ap vire nan chèz biwo a li di: “Selon sa m konprann, ou vle yon ogmantasyon sinon w ap kite”.

Mwen di l: “Wè, paske ou pa kenbe pwomès ou,” dlo te prèske sot nan je m. Sa te mande anpil kran pou m kanpe anfas yon granmoun.

“Ou te di w tap anseye m si m travay pou ou. Oke, mwen te travay pou ou. M travay di. Mwen te abandone jwèt bizbòl mwen an pou m travay pou ou, men ou pa kenbe pawòl ou, epi ou pa aprann mwen anyen. Tout moun ki nan vil la gen rezon di w pa serye a. Ou ava. Ou vle tout lajan yo poukò w e w pa pran swen anplwaye w yo. Ou fè m ap ret tann epi w pa montre okenn respè pou mwen. Mwen se yon timoun men m merite yon pi bon tretman.”

Papa rich t ap balanse sou chèz biwo, men l nan manton l, e li t ap gade m.

Li te di:”Pa mal,” “Nan mwens pase yon mwa, ou gentan tankou pifò nan anplwaye m yo.”

Mwen te di: “Kisa?” Kòm m pa t konprann sa l t ap di a, m te kontinye ak doleyans mwen an. “Mwen te panse w t ap kenbe mo w e t ap anseye m. Olye de sa ou vle tòtire m? Sa se mechanste. Sa vrèman kriyèl.”

Papa ki rich la te di tou dousman “se aprann m ap aprann ou.”

“Ki sa ou te anseye m? Anyen!” Mwen te di sa ak gwo kòlè. “Ou pa pale avè m menm yon fwa depi lè m te dakò pou m travay pou ti monnen w lan. Dis santim pou inèdtan. A monchè! Mwen ta dwe pot gouvènman an plent pou ou. Nou gen lwa sou travay timoun. Se nan gouvènman an Papa m ap travay, ou konn sa.”

Papa rich di: “Waw, Kounye a ou sanble ak pifò moun ki abitye travay pou mwen yo, moun mwen te revoke oubyen ki te kite travay la.”

“Ebyen, ki sa ou gen pou w di?” Mwen te mande l, mwen te santi m trè brav antanke yon timoun. “Ou te ban m manti. Mwen te travay pou ou, epi ou pa t kenbe pawòl ou. Ou pa t montre m anyen.”

Byen poze, papa rich te mande m: “Ki jan w fè konnen m pa t anseye w anyen?”

“Bon w pa janm di m anyen. Mwen te travay pandan twa semèn e w pa t aprann mwen anyen,” mwen te di byen sevè.

Papa rich te mande m: “Èske anseye vle di pale oswa fè yon konferans?” 

“Bon, wi,” mwen te reponn.

“Se konsa yo anseye w nan lekòl la,” li te di sa epi l souri. “Men, se pa konsa lavi a anseye w, e mwen te ka di lavi a se pi bon pwofesè ki genyen. Nan pifò ka, lavi a pa pale avè w. Se tankou li jis pouse w avanse. Chak fwa lavi a pouse w li di: ‘Reveye w’. Gen yon bagay mwen vle w aprann.’”

Mwen te mande tèt mwen an silans : “Ki sa mesye sa a ap di konsa? Lè lavi a te pouse m se pale l ap pale avè m?” Kounye a sa m konnen sèke m te oblije kite travay mwen an. Mwen t ap pale ak yon moun yo ta dwe fèmen yon kote.

“Si w kite lavi a anseye w, w ap fè byen. Si se pa sa, lavi a ap jis kontinye pouse w. Moun yo fè de bagay. Gen kèk moun ki jis kite lavi a pouse yo. Gen lòt moun ki fache epi yo pouse l tou. Men, yo pouse patwon yo, travay yo, mari yo oswa madanm yo. Yo pa konn si se lavi a k ap pouse yo.”

Mwen pa t konprann anyen nan sa l t ap di a.

“Lavi pouse nou tout. Gen kèk moun ki abandone e gen lòt k ap fè fòs ak lavi. Gen yon ti kras ki aprann leson an epi yo kontinye vanse. Yo dakò lavi a pouse yo. Pou moun sa yo, sa vle di yo bezwen epi yo vle lavi a aprann yo yon bagay. Yo aprann epi yo kontinye vanse. Pifò moun bay vag, gen kèk ki prefere goumen menm jan avè w.”

Papa rich te kanpe epi l fèmen fenèt an bwa ki kraze ki te bezwen reparasyon an. “Si w aprann leson sa a, w ap vin tounen yon jèn gason ki gen sajès, ki rich e ki gen kè kontan. Si ou pa fè sa, ou pral pase vi w ap blame yon travay, oswa patwon nan travay ou pou pwoblèm ou yo. W ap toujou viv ak espwa w ap fè yon gwo kou k ap rezoud tout pwoblèm lajan w.”

Papa rich te gade m pou l wè si m t ap koute toujou. Je li te tonbe nan je m. Nou te fikse je youn lòt, nou te kominike ak je nou. Finalman, mwen te gade yon lòt kote yon fwa mwen te tande mesaj li a. Mwen te konnen li te gen rezon. Mwen t ap blame l, e m te mande pou m aprann. Mwen t ap goumen.

Papa rich te kontinye, “oswa si w se yon moun ki pa gen fyèl, w ap jis abandone chak fwa lavi a pouse w. Si w se jan de moun sa a, w ap fè tout vi w ap chèche sekirite, fè sa yo di w dwe fè, pwoteje tèt ou kont yon seri evènman ki pap janm rive. Lè sa a, w ap mouri tankou yon vye granmoun raz. Ou pral gen anpil zanmi ki vrèman apresye w paske w te yon bon nèg ki travay di. Men, verite a sèke w kite lavi a pouse w viv nan soumisyon. Ofon ou te pè pran risk. Ou te vrèman vle genyen, men laperèz pou w pa pèdi a te pi plis pase anvi pou w genyen an. Nan fon kè w, se ou sèlman k ap konnen ou pa t goumen ase. Ou te chwazi jwe san riske.”

Je nou tonbe nan je youn lòt ankò.

Mwen di: “Se pouse ou t ap pouse m?”

“Gen kèk moun ki te ka di sa,” li t ap souri. “Mwen t ap di 

mwen te jis ba w yon apèsi sou lavi a.”

“Ki apèsi sou lavi?” Mwen te mande pandan m toujou fache, men kounye a m kirye epi m pare pou m aprann.

“Ti mesye nou se premye moun ki mande m pou m anseye yo ki jan pou yo fè lajan. Mwen gen plis pase 150 anplwaye e pa gen youn nan yo ki janm mande m sa m konnen sou lajan. Yo mande m yon travay ak yon chèk, men yo pa janm mande m anseye yo sou lajan. Anfèt pifò nan yo ap pase pifò tan nan lavi yo ap travay pou lajan, san yo pa vrèman konnen ki sa sa y ap travay pou li a ye.”

Mwen te chita la ap koute avèk atansyon.

“Kdonk, lè Mayko te di m ou te vle aprann ki jan pou w fè lajan, mwen te deside kreye yon kou ki reflete reyalite lavi a. Mwen te kapab pale jiskaske figi m chanje koulè, men w pa t ap konprann anyen. Se sa k fè, mwen deside kite lavi a pouse w, pou w ka tande m. Se poutèt sa mwen te peye w sèlman 10 santim.”

Mwen te mande: “Kounya, ki leson m ka aprann nan travay pou sèlman 10 santim pa èdtan sinon ke w se yon moun ki pap peye moun epi k ap eksplwate travayè w yo?”

Papa rich te kage epi l ri byen fò. Finalman li te di: “Li t ap pi bon si w chanje pwennvi w. Sispann blame m epi sispann panse se mwen ki pwoblèm nan. Si ou panse se mwen ki pwoblèm nan, nan ka sa a ou dwe chanje m. Si w reyalize se ou ki pwoblèm nan, lè sa a, ou ka chanje tèt ou, aprann leson an e vin pi saj. Pifò moun vle pou tout lòt moun nan monn lan chanje, men sof yo menm. Kite m di w, li pi fasil pou w chanje tèt ou pase tout lòt moun.”

Mwen te di: “Mwen pa konprann”.

Avèk enpasyans papa rich te di m: “Pa blame m pou pwoblèm ou yo,”

“Men, se 10 santim sèlman w peye m.”

 Papa rich souri e li mande: “Ebyen, ki sa w aprann nan sa?”.

Mwen te souri anba anba epi m di: “Ke w kripya.” 

Papa rich te di: “Gade, ou panse mwen se pwoblèm nan, men se ou ki pwoblèm nan.”

“Ebyen, kenbe menm atitid sa a epi ou pap aprann anyen. Bon, menmsi w panse se mwen ki pwoblèm nan, ki chwa w genyen?”

“Ebyen, si w pa peye m plis kòb, e w pa montre plis respè pou mwen ni anseye m, m ap kite travay la.”

Papa rich di: “Bon bagay”. “E se egzakteman sa pifò moun fè. Yo kite epi yo ale chèche yon lòt travay, yon pi bon opòtinite, ak pi gwo salè, yo panse sa pral rezoud pwoblèm nan. Nan pifò ka yo, pwoblèm nan pap rezoud.”

Mwen te mande: “Si se konsa, ki sa m ta dwe fè?” “Jis pran 10 santim ki pa vo anyen yo pou inèdtan epi souri?”

Papa rich te souri. “Se sa lòt moun yo fè. Men, se sa sèlman yo fè, y ap tann yon ogmantasyon paske yo panse plis lajan pral rezoud pwoblèm yo. Pifò jis aksepte l, epi kèk pran yon dezyèm travay, travay ki pi di, men yo toujou aksepte yon ti chèk kòm salè.”

Mwen te chita tèt bese, mwen te kòmanse konprann leson papa rich t ap prezante a. Mwen te kapab santi se te yon apèsi de lavi a. Finalman, mwen leve je gade l epi m di “Ebyen, ki sa k solisyon pwoblèm nan?”

Li te panche devan sou chèz la epi li tape m toudousman nan tèt epi l di: “Sa a,” “Bagay sa a ki nan mitan de zòrèy ou yo.”

Se nan moman sa a papa rich te pataje pwennvi esansyèl ki te fè l diferan de anplwaye l yo ak papa pòv mwen an, e ki t ap fè l vin youn nan moun ki pi rich nan Awayi, alòske papa m ki gen anpil edikasyon men ki pòv la, te fè tout vi l ap lite pou l gen ase lajan. Se te sèl pwennvi sa ki te fè tout diferans lan pandan tout yon vi.

Papa rich te esplike pwen sa a plizyè fwa, se sa m rele leson nimewo en an: pòv yo ak klas mwayèn nan travay pou lajan. Moun rich yo fè lajan travay pou yo.

Nan bèl samdi maten sa a, mwen te aprann yon pwennvi ki totalman diferan de sa papa pòv mwen an te anseye m. A laj nevan, mwen te konprann toude papa m yo te vle m aprann. Toude te ankouraje m etidye, men yo pat akouraje m etidye menm bagay.

Papa m ki fè gwo etid la te ankouraje m fè menm jan avè l. “Gason m, mwen vle ou etidye anpil, fè bèl mwayèn, pou w ka jwenn yon travay ki stab nan yon gwo konpayi. Epi asire w li bay bonjan avantaj.” Papa rich mwen an te vle m aprann ki jan lajan fonksyone pou m te ka fè l travay pou mwen.

Se grasa èd li lavi a t apral aprann mwen leson sa yo, men se pat sou ban lekòl.

Papa rich mwen an te kontinye premye leson m nan, li te di: “Mwen byen kontan lefètke w te fache paske w ap travay pou 10 santim pa èdtan. Si ou pa t fache epi w te jis aksepte l, mwen t ap oblije di w mwen p’ap ka anseye w. Ou wè, vrè aprantisaj mande enèji, pasyon, ak yon gwo dezi. Kòlè se yon gwo pati nan fòmil sa a, paske pasyon se melanj kòlè ak lanmou. Lè se konsènan lajan, pifò moun pa vle riske e y ap chèche stabilite. Kidonk se pa pasyon k ap dirije yo, se laperèz.”

Mwen te mande: “Ebyen, èske se poutèt sa y ap aksepte travay pou yon tikras kòb la?”

Papa rich di: “Wi. “Gen kèk moun ki di mwen eksplwate moun paske

Mwen pa peye menm jan ak plantasyon sik la oswa gouvènman an. Mwen m di se pèp la ki eksplwate tèt li. Se akoz laperèz yo, se pa mwen.”

Mwen te mande: “Men, ou pa santi ou ta dwe peye yo plis?”

“Mwen pa oblije. E anplis, plis lajan pa pral rezoud pwoblèm yo. Jis gade papa w. Li fè anpil lajan, epi li toujou pa ka peye bil li yo. Pifò moun yo bay plis lajan jis vin gen plis dèt.”

Mwen te souri epi m di: “Ebyen, se poutèt sa w bay 10 santim pou inèdtan an, sa fè pati leson an.”

Papa rich te souri epi l di “Se vre. Ou wè, papa w t al lekòl e li te fè gwo etid pou l ka jwenn yon travay ki byen peye. Men, li toujou gen pwoblèm lajan paske li pa t janm aprann anyen sou lajan nan lekòl. Anplis de sa, li kwè nan travay pou lajan.”

Mwen te di l: “Ou pa kwè nan sa ou menm?”

Papa rich te di: “Non, pa vrèman. Si ou vle aprann travay pou lajan, ebyen rete lekòl. Sa se yon bon kote pou w aprann fè sa. Men, si w vle aprann ki jan pou w fè lajan travay pou ou, m ap montre w. Men, se sèlman si w vle aprann.”

Mwen te mande: “Èske tout moun pa t ap vle aprann sa?”

Papa rich te di: “Non, senpleman paske li pi fasil pou moun aprann travay pou lajan, sitou si laperèz se premye emosyon w lè y ap pale sou sijè lajan.”

M te fonse sousi m epi m te di: “Mwen pa konprann”.

“Pa enkyete w pou sa kounye a. Sèlman sonje se laperèz ki fè pifò moun rete nan yon djòb: Yo pè pou yo pa ka peye bil yo, yo pè pou yo pa revoke yo, yo pè pou yo pa gen ase lajan, e yo pè rekòmanse. Sa a se konsekans lè w etidye pou w aprann yon pwofesyon oswa yon metye epi w al travay pou lajan. Pifò moun vin esklav lajan, epi aprè sa yo chwazi fache kont patwon yo.”

Mwen te mande: “Èske aprann fè lajan travay pou ou se yon kou ki totalman diferan?”

Papa rich reponn: “nètman diferan, nètman diferan.”

Nou te chita an silans bèl jou samdi maten sa a nan Awayi. Zanmi m yo te fèk kòmanse ti chanpyona bizbòl yo a, men pou kèk rezon, kounye a mwen te rekonesan dèske m te deside travay pou 10 santim pa èdtan. Mwen te santi m t ap aprann yon bagay zanmi m pa t ap aprann lekòl.

Papa rich te di m: “Ou pare pou w aprann?” 

Tou souriyan, mwen te di: “San mank”.

“Mwen te kenbe pwomès mwen an,” se sa papa rich mwen an te di: “Mwen t ap anseye w delwen. ”A nevan, ou fèk sot gen yon apèsi sou ki jan yon moun santi l lè l ap travay pou lajan. Jis miltipliye dènye mwa ou sot touche a pa senkant an epi w ap gen yon ide sou sa pifò moun pase vi yo ap fè.”

Mwen te di: “Mwen pa konprann”.

“Ki jan w te santi w lè w t ap tann nan liy nan pou w ka wè m, ni lè pou m te anplwaye w la ni lè pou w te mande ogmantasyon an?”

Mwen te di: ” Sa te terib”.

Papa rich di: “Si w chwazi travay pou lajan, se konsa lavi w pral ye”.

“Epitou, ki jan w te santi w lè Madam Maten te lage twa pyès dis santim nan men w pou twazèdtan travay?”

“Mwen te santi li pa t ase. Li pa t sanble anyen. Mwen te desi, ” se sa m te di.

“Ebyen se konsa pifò anplwaye yo santi yo lè yo gade chèk yo, sitou apre yo fin retire tout taks ak lòt ti frè yo. Ou menm omwen ou te jwenn 100 pousan.”

“Ou vle di pifò travayè yo pa touche 100 pousan?” Mwen te mande sa tou sezi.

Papa rich di: “O non!” “Gouvènman an toujou pran pati pa l la an premye.”

Mwen te mande: “Ki jan yo fè sa?”

Papa rich te di: “Taks”. “Ou peye taks lè w touche. Ou peye taks w lè w depanse. Ou peye taks lè w fè ekonomi. Ou peye taks lè w mouri.”

“Poukisa moun yo kite gouvènman an fè yo sa?”

Papa rich souri epi l di: “Rich yo pa fè sa” “Pòv yo ak klas mwayèn nan peye. M ap parye avè w mwen fè plis kòb pase papa w, men li peye plis taks pase m.”

Mwen te mande l: “Ki jan sa fè posib?” Nan laj mwen, sa pa t gen sans pou mwen. “Poukisa pou yon moun ta kite gouvènman an fè l sa?”

Papa rich jis gade m pandan l ap balanse tou dousman an silans sou chèz li a.

Li di m: “Ou Pare pou aprann?”

Mwen souke tèt mwen tou dousman.

“Jan m t ap di a, gen anpil bagay pou w aprann. Aprann ki jan pou fè lajan travay pou ou se yon etid pou lavi. Pifò moun ale nan inivèsite pou katran, epi fòmasyon yo fini la. Mwen deja konnen etid m ap fè sou lajan ap kontinye pandan tout vi m, tou senpleman paske plis mwen aprann se plis mwen wè m bezwen konnen. Pifò moun pa janm etidye sijè sa. Yo al travay, pran chèk yo, tcheke bidjè yo, epi sa fini. E aprè y ap mande poukisa yo gen pwoblèm lajan. Yo panse plis lajan pral rezoud pwoblèm yo epi yo pa reyalize se mank edikasyon finansye yo ki pwoblèm nan.”

Aktout mwen te nan konfizyon, mwen te mande: “Kidonk, papa m gen pwoblèm taks paske li pa konprann lajan?”

Papa rich te di “gade, taks yo se jis yon ti chapit nan aprann ki jan pou fè lajan travay pou ou. Jodi a, mwen te jis vle konnen si w toujou gen gwo anvi pou w aprann sou lajan. Pifò moun pa fè sa. Yo sèlman vle al lekòl, aprann yon pwofesyon, pran plezi nan travay yo, epi touche anpil kòb. Yon jou yo leve ak gwo pwoblèm lajan, epi lè sa a yo pa ka sispann travay. Sa a se konsekans lè w konn ki jan pou w travay pou lajan olye pou w etidye ki jan pou w fè lajan travay pou ou. Papa rich te mande: “Èske w toujou gen gwo anvi pou w aprann?” .

Mwen souke tèt mwen di wi.

Papa rich te di: ” Se byen”. “Kounye a, tounen al travay. Fwa sa a, mwen p ap peye ditou.”

Mwen te di l tou sezi: “Ki sa?”

“Ou tande m. Anyen. Ou pral travay pou menm twazèdtan chak samdi, men fwa sa a yo p ap peye w 10 santim pou chak èdtan. Ou te di ou vle aprann pa travay pou lajan, donk mwen pap peye w anyen.”

Mwen pa t kapab kwè sa m te tande a.

“Mwen te deja gen konvèsasyon sa a ak Mayko epi li deja ap travay, retire pousyè ak anpile bwat konsèv yo gratis. Pito w fè vit pou w tounen lotbò a.”

Mwen te byen fò: “Sa pa jis,” “Ou dwe peye m yon bagay!”

“Ou te di w te vle aprann. Si w pa aprann sa kounye a, w ap grandi pou w vin tankou de madanm sa yo ak granmoun gason ki chita nan salon m nan, k ap travay pou lajan e yo espere mwen pap revoke yo. Oswa tankou papa w, touche anpil lajan  sèlman pou l gen dèt wotè tèt li, pandan l espere plis lajan pral rezoud pwoblèm nan. Si se sa w vle, m ap tounen nan premye kontra 10 santim pou inèdtan nou an. Oswa ou ka fè sa pifò granmoun fè: plenyen yo pa peye ase, kite sa epi al chèche yon lòt travay.”

Mwen te mande: “Men, ki sa pou m fè?”

Papa rich la te banm yon ti tap nan tèt. Li di m “sèvi ak sa a, sèvo w”. “Si w byen sèvi ak li, w ap gen pou w remèsye m paske m ba w yon opòtinite epi w ap vin tounen yon moun rich.”

Mwen te kanpe la, m potko ka kwè mòd opòtinite sa m te jwenn nan. Mwen te vin mande yon ogmantasyon, epi men kounye a m vin ap travay gratis pito.

Papa rich la ban m yon ti tap nan tèt ankò epi li di: “Sèvi ak sa a. Kounye a, kite biwo a e retounen al travay.”

Dezyèm Pati

Leave a Comment